Depi aprè dega bandi ak zam fin fè nan Tomasen kote yo t ap tante fè yon kidnaping, lekòl yo twouve yo nan obligasyon pou fèmen pòt yo akoz lapèrèz. Bandi yo te antre nan yon lekòl nan Tomasen 32, sa lakoz anpil ti moun te blije dòmi nan kèk etablisman. Malgre dispozitif sekirite Lapolis […]Lire plus...
Lendi 2 janvye 2023 ki sot pase la a, bandi kidnape pastè Smith Mathurin ak tout chofè l alòske yo te abò yon Nissan patrol koulè blanch, plak LO: 01159. Smith Mathurin se pastè Legliz “Corps de Christ” Chalon e li se yon sosyològ tou. Lè yo te anlve l la, madanm li ak kèk […]Lire plus...
Aprè 3 lane depi l te mete anbago sou petwòl venezyelyen an, peyi Etazini, atravè konpayi Chevron pral rekòmanse achte petwòl kay Nicolás Maduro. Nan mwa janvye sa a, Tonton Sam prevwa enpòte 500 000 barik gaz daprè sa Radyo Frans Entènasyonal rapòte. Konfli ant 2 peyi sa yo ta pral pran yon lòt nivo […]Lire plus...
Mondestin Augustin se non prensipal chèf gang k ap dirije baz 400 egare nan komin Mayisad. Lapolis arete l dimanch 1e janvye 2023 a nan komin Sen Rafayèl. Dezyèm chèf baz sa a se Guersly aprèsa gen Widnal, Kervenson, DJ Cherwing ak Bebeto kòm toutè. Mesye gen ti fanm yo tou daprè Lapolis ki site […]Lire plus...
Li pa vle itilize ni Palè Nasyonal ni Primati pou fè seremoni enstalasyon Konsèy Nasyonal Tranzisyon an ki gen ladan l Mirlande Hyppolite Manigat, pastè Calixte Fleuridor ak Laurent St Cyr. PM nan te chwazi yon otèl nan Petyonvil pou fè sa men otèl la pa aksepte pou akeyi yon seremoni politik parèy, daprè sa […]Lire plus...
Paske li t ap fè jès ti zonnay sou pwòp pitit fi l an piblik, pastè Legliz “Porte Étroite” la te jwenn envitasyon pakè Pòtoprens, envitasyon li boude jodi mèkredi a. An menm tan, mèt Jacques Lafontant ekri sèvis imigrasyon pou entèdi pastè a kite peyi a pa vwa tèrès, maritim oubyen ayeryèn jiska nouvèl […]Lire plus...
Pastè Armel Lafleur te gen pou l parèt devan tribinal jodi mèkredi 4 janvye a pou lajistis tande l paske l ap deranje lòd piblik. Avoka pastè a ekri pakè Pòtoprens pou mande l repòte odisyon sa a pou 15 jou. Pa gen twòp detay ki bay sou rezon ki fè yo mande pakè a […]Lire plus...
Daprè sa sèvis près polis nasyonal la rapòte, nan echanj kout zam ak Lapolis, gen 3 bandi ki vale dlo bouch yo nan komin Kwadèboukè ayè lendi 2 janvye 2023 a. Anplis de sa, yo anonse ajan ki t ap mennen operasyon sa a sezi yon fizi daso. Seri operasyon sa yo, daprè PNH la […]Lire plus...
Wildano Lestere, Estiven Alix, Roméus Thierry Max Dany, Emmanuel Tilen ak Durosiers Kimberly se non 5 endividi sa yo Lapolis arete dimanch premye janvye 2023 a. Mesyedam sa yo fè pati gwoup gang ki rele “2,5,7” k ap opere nan mòn Laza nan komin Petyonvil. Baz sa a gen abitid tire sou manifestasyon lè y […]Lire plus...
Joseph Ratzinger anbrase lanmò maten samdi 31 desanm 2022 a ak 95 rekòt kafe sou tèt li daprè sa Vatikan anonse. Pontif la te renonse ak chaj li pou rezon sante depi an 2013 aprè 8 lane kote l t ap dirije Legliz Katolik womèn nan. Fineray li ap chante jedi 5 janvye 2023 a […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com