John Joël Joseph deklare Christian Emmanuel Sanon te voye l rankontre manm gwoup Fantom 509 yo nan kad yon plan ki te vize arete Prezidan Jovenel Moïse. Daprè deklarasyon li, manm Fantom 509 yo te fè konnen yo pa t gen mwayen nesesè pou mennen operasyon an. Se lè sa a, dapre temwayaj li, konpayi sekirite CTU te pwopoze chèche yon fason pou mete zam gwoup la te bezwen yo disponib.
Deklarasyon sa yo pote nouvo detay sou kontak ki te genyen ant diferan aktè yo nan kad plan ki te vize arete Jovenel Moïse, anvan asasina prezidan an, 7 jiyè 2021.













