Nan yon avi Ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik mete deyò, li fè konnen tout anplwaye ki sou ribrik 110, 119 ansanm ak brigadye yo, lè y ap vin chache chèk yo, fòk yo mache ak fich ki pwouve yo enskri kòm elektè nan rejis elektoral la. Jan nòt la lage a, sanble si sa pa fèt, moun yo p ap touche.
Avi sa a plis sanble ak yon mezi gwo ponyèt.





















