Alix Didier Fils-Aimé, chèf CSPN, Paul Antoine Bien-Aimé, minis enteryè, Vladimir Paraison, direktè PNH, komisè Cadet, responsab komisarya Kenskòf la pou n site sa yo ase, melanje ak chèn kòmandman Lame d Ayiti te konnen depi plizyè jou ap gen yon atak Kenskòf. Menm komisè Cadet sa a te deklare Kenskòf pral sibi yon atak selon yon sous nan menm PNH la. Yo pat pran okenn desizyon pou evite sa. Aprè atak olye yo demisyone, tout rete nan pòs yo.
Se sèlman popilasyon viktim nan ki dwe pran yon desizyon pou elimine dirijan echwe sa yo.





















