Aprè atak dènye Kenskòf la ki lakoz lanmò anviwon 50 moun, teworis ki rele Didi ki gen kontwòl komin nan menase touye plizyè dizèn moun yo te kidnape dimanch 23 out la. Selon sa kriminèl la di nan videyo a, depi lapolis lakoz li pèdi menm yon chen, l ap touye tout moun ki nan men l yo. Nan videyo a, chèf gang nan prezante imaj plizyè ti moun ki sou kontwòl li.
Pliske 24 èdtan aprè atak sa a, dirijan sanginè yo poko janm pran mezi pou limite dega yo.





















