Kominote etidyan UNASMO a nan gwo doulè aprè nouvèl lanmò Joseph Dalenjie, yon etidyan ki te nan 4yèm ane Syans Enfimyè. Jèn demwazèl la mouri 20 dawout 2026 ak sèlman 24 lane, pandan li t ap pousuiv rèv li pou vin yon enfimyè epi sèvi kominote a. Disparisyon li an boulvèse kamarad klas li yo, pwofesè yo ak tout kominote inivèsitè a. Se yon lanmò ki lage fanmi Dalenjie san souf pou kounye a.
Poko gen twòp eksplikasyon sou lanmò sa a ni sikonstans egzat ki ta lakoz li mouri a.





















