Nan kad demi final CFU Tchyalenj ki t ap jwe jodi a, seleksyon U-14 la lave Sendomeng 6 gòl a 1. Bitè ayisyen yo se Jerry Petit-Homme, Wensley Dumorne ki make 2 gòl, Jodley Delmas, Eddyson Paul ak Ronelson Pele Janvier. Randevou dimanch 23 dawout pou final la nan Konplèks Espòtif Cap Cana fas ak Jamayik.
N al raple Ayiti te ranpòte chanpyona sa a de ja 2 fwa youn dèyè lòt an 2021 ak 2022.





















