Michael Gallagher, yon Ameriken 63 lane ki te responsab sekirite konpayi sigarèt Comme Il Faut, mouri asasinen mèkredi 19 dawout la nan biwo li. Selon premye eleman enfòmasyon yo, viktim nan mouri apre li te resevwa plizyè kout kouto. Sikonstans egzak asasina a ansanm ak motif krim nan poko fin etabli.
Plizyè ajan sekirite ta deja anba kòd nan kad ankèt Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ap mennen pou klarifye dosye a epi detèmine responsablite chak moun.





















