Jèn foutbolè Kiki Ramos antre nan listwa kòm premye jwè ki fèt Ayiti ki pote koulè yon seleksyon an Ajantin. Kiki jwe premye match li ak U-17 Albiceleste a pandan yon rankont amikal kote ekip li a bat Ekwatè 2-1. Kiki Ramos fèt Pòtoprens men li te antre an Ajantin tou piti e se la li aprann jwe foutbòl nan sant fòmasyon Vélez Sarsfield.
Menmsi Kiki ka toujou jwe pou Ayiti men anpil obsèvatè deja wè nan li yon bèl avni pou foutbòl ajanten an.





















