Numa Angel Muller, yon jounalis repòtè konnen yon move moman nan Tèrye Wouj ayè samdi 8 novanm 2025 lan. Konfrè a t ap sòti Karakòl pou ale lakay li Wanament e lè l rive Tèrye Wouj, li jwenn manm popilasyon an k ap boule yon baz BSAP aprè yon ajan te fin tire yon machann. Poutèt li rale kamera l pou fè travay li, ajan BSAP yo leve l, ale ak li nan yon lòt espas epi bat li byen bat.
Aksyon sa a pa dwe rete san pini e fòk viktim nan jwenn jistis li.




















