Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pibliye yon nouvo kominike sou kesyon pwopagasyon maladi kolera yo nan Pòtoprens ak komin ki anviwonnen l yo. Selon MSPP, gen 492 ka kolera nan Petyonvil, 451 Pòtoprens, 279 nan komin Dèlma epi 940 Site Solèy. Sa ki fè 1296 ka an total. Majorite ka sa yo sòti sou sit kote ki gen moun deplase yo, k ap viv nan sitiyasyon moun pa ta dwe ye.
Remonte ka kolera sa yo ap mete plis moun nan difikilte ankò.




















