Dieuseul, se sou non sa a yo prezante l, li gen 44 lane, Lapolis dominikèn mare towo sa a akoz l ap vann moun fo viza. Nan moman arestasyon an, fòs lòd dominikèn yo jwenn 13 paspò Ayisyen sou li. Misye pran plezi nan mache di li se konsil Brezilyen, kote l ap touche ant 1000 a 2000 dola ameriken epi bay moun yo fò viza peyi Brezil.
Pou kounye a, Dieuseul anba kòd lakay vwazen annatandan swit legal yo.