Nan kad dosye ki enplike Magalie Habitant an, chèf Pakè Pòtoprens la envite ansyen ko-prezantè emisyon “Boukante Lapawòl”, Jean Ismael Valestin la pou vin reponn kesyon devan l. Daprè rapò DCPJ a, gen yon sèten Joseph Saget ki anba kòd e ko se pwòch Prophane Victor. Joseph Saget sa a konn pataje kominike plizyè moun nan telefòn pami yo jounalis Jean Ismael Valestin. Se nan sans sa a Pakè a envite Ismael.
Jounalis la konfime depi 17 avril 2025, li gen envitasyon Pakè Pòtoprens e li dwe parèt devan komisè gouvènman an jedi k ap vini la a.