Tankou band anons yon fim ki pral sòti, Roselande Belony ki te gen videyo “sextape” li ki pran lari a, anonse nan yon kout videyo, l ap vin bay plis eksplikasyon sou sa ki te pase a. Jenn fi a di li gen istwa pa l e li panse se detwi yo vle detwi l sou rezo a. Si pou anpil moun, feminis yo an patikilye dakò pou Roselande vin pale, gen yon majorite ki kwè sa pa nesesè
Gen yon kategori ki kwè se plis espas Roselande ap vin bay pou yo kritike l paske dosye a prèske fin frèt, li pat bezwen retounen avè l.