Reprezantan peyi Lachin nan l’ONU an Fu Cong akize Etazini kòm sèvo sa k ap pase nan peyi d Ayiti a pandan yon reyinyon lendi 21 avril 2025 sa a. Towo an di peyi meriken se lidè defakto nan matyè sekirite pandan li di yo fin mete yon tranzisyon nan peyi a epi yo rale kò yo. Yon lòt bò, diplomat chinwa a di Etazini pat gen dwa enpoze 10% taks sou Ayiti kote yon nasyon prèske fin efondre.
Selon Lachin, pozisyon jewografik Ayiti ak Etazini pa ta dwe yon malediksyon.