Pap François mouri byen bonè maten lendi 21 avril 2025 lan vè 7è 35, lè peyi Itali. Se kadinal Kevin Farrell ki anonse nouvèl la nan yon kominike li difize sou chèn Telegram Vatikan an. Chèf Sen Syèj la mouri anviwon yon mwa aprè li kite lopital kote l t ap pran swen an koz yon nemoni enfektyez li te soufri. Ayè dimanch lan, li te parèt sou plas Sen Pyè a pou l te swete fidèl yo bon fèt pak.
N ap raple vrè non Pap François se Jorge Mario Bergoglio, li te fèt 17 desanm 1936 nan vil Buenos Aires nan peyi Ajantin, li te eli Pap 13 mas 2013.