Depi nan byen bonè maten ayè samdi kite 19 avril jouk rive nan fen jounen an, gen yon sitiyasyon ki pa piti ditou nan komin Kenskòf. Kout bal fè tout jounen an ap chante ant Lapolis, Lame ak gang yo. Gen plizyè moun nan mitan popilasyon sivil la ki swa blese osinon mouri anba bal. Gen plizyè bandi ki estope tou, popilasyon an tou pwofite ba yo bwa kale, sitou nan lokalite Dourèt. Anpil moun blije kouri kite kay yo e Fèmat, tout aktivite bloke.
Gang yo te di avan pak, fòk yo rive nan sant vil Kenskòf.