Plizyè vagabon a sapat tonbe nan komin Mibalè jounen vandredi 18 avril 2025 sa a nan echanj kout bal ak Lapolis. Nan kad entèvansyon sa a, gen plizyè gwo zam fòs lòd yo rive sezi. Imaj yo montre plizyè jenn gason ki kouche ak mouchwa tout koulè mare nan ponyèt yo ak nan senti yo.
N ap raple majorite komin sa a anba kontwòl teworis yo jiskaprezan.