Depi nan mwa janvye 2025, Leta ayisyen te gen posiblite pou l te mete fren nan premye vag bandi ki te atake Kenskòf yo, sa pat janm fèt. Kounye a, tout moun nan komin nan tèt anba, kriminèl yo trase kata jouk yo rive Kafou Mawoka, pa twò lwen komisarya vil la. Mache a bloke, tout aktivite kanpe, majorite abitan nan lari ak ti moun nan men yo, ata moun Fèmat kòmanse nan gwo pwoblèm.
Menm jan ak Mibalè ak plizyè lòt kote nan peyi a, gouvènman Fils-Aimé a fè gang yo kado komin Kenskòf.