Lafrans ak Wayòm Ini gen menm pozisyon ak Etazini epi Caricom ki te di yo kanpe bò kote konsèy prezidansyèl la pandan yo te voye pinga bay tout gwoup ki ta swete ranvèse yo. Nan deklarasyon Lafrans ak Wayòm Ini fè a, yo di yo salye jefò tranzisyon sa a ap fè pou konbat ensekirite a e yo egzije sanksyon pou tout moun ki ta vle anpeche yo avanse.
Plis tèritwa ap pèdi, plis materyèl PNH pral nan men gang, plis moun ap mouri men pou blan an, dirijan yo ap byen frape.