Sòti depi Petyonvil, desann sou Dèlma vire sou Lali antre sou Boudon jouk rive Jivena, Lapolis gen yon dispozitif anraje pou bloke tout manifestasyon ki vle atenn Vila d Akèy la. Plizyè inite tankou BRI, UDMO, BLTS, CIMO, sòlda FAd’H ak polisye administratif ame jouk nan dan pou bare manifestan yo k ap reklame sekirite nan men yon bann enkonpetan nan tèt Leta a. Lapolis se dan pouri, manifestan yo se bannann mi.
Depi lè gang kriminèl, zanmi Leta yo ap kraze zo popilasyon an, poko janm gen nivo deplwaman sa yo ki fèt.