Gwo mobilizasyon ki te pare pou sòti nan nan lari a jounen mèkredi 16 avril 2025 sa a sou inisyativ moun Kanapevè, pat rive fèt. Selon kòmandan Samuel, manifestasyon an ranvwaye paske yo voye 300 moun nan mitan yo pou vin fè dezòd yon fason pou yo ka lage chay la sou do Kanapevè. Antanke gran estratèj, Samuel ak ekip li kanpe mouvman pwotestasyon an.
Gouvènman an te simaye anpil lajan sou beton an tou pou anpeche manifestasyon an reyisi.