Sou inisyativ ekip k ap jere sekirite Kanapevè a, anpil kote nan zòn metwopolitèn nan kòmanse manche ponyèt pou deklanntche yon gwo jounen leve kanpe pou denonse pope twèl yo epi pou egzije yo sispann sitirè gang nan peyi a. Popilasyon an deja voye pinga bay lapolis k ap vini voye gaz ak bal sou manifestan yo. Selon òganizatè yo, batay la se sou tèren an li ye e fòk pèp la jwenn jistis li anba men Viv Ansanm ak tout Leta.
Nan moman manifestasyon sa yo, popilasyon an di yo pa vle wè prezans okenn abolotcho politik ki met peyi a kote l ye la a.