Tout kominote ayisyèn nan kanpe dèyè chèf Leen, yon jèn ayisyèn ki nan peyi Lafrans ki vle bat yon rekò 8 jou ap fè manje sòti 7 pou rive 15 avril 2025. Nan defi sa a, tout pla ayisyen yo ap defile sou tout rezo sosyal yo, Tiktok an patikilye. Gen plizyè enfliyansè ak anpil atis epi gran piblik la k ap soutni travay li a. 8 jou ap fè manje san kanpe, se yon fyète pou tout peyi a.
Ak inisyativ sa a, Ayiti kapab rantre pou premye fwa nan liv Guiness Record atravè kizin li an.