Inite Lit Kont Kòripsyon voye yon avi bay DCPJ pou yo ede l chache mèt Renan Hédouville, ansyen pwotektè sitwayen paske yo konvoke l plizyè fwa, li pa janm vini. ULCC ap chache Rénan Hédouville pou detounman byen piblik, pasasyon ilegal mache piblik pou n site sa yo ase. Nenpòt kote to jwenn li, fòk yo arete l pou move zafè, selon avi rechèch la.
Rénan Hédouville ak plizyè manm fanmi l ak zanmi l dechèpiye ULCC selon plizyè rapò ankèt.