Sèvis imigrasyon ameriken arete Wilbert Jean-Baptiste ki te sove nan prizon nan peyi d Ayiti nan mwa mas 2024, nan moman Izo te voye kriminèl parèy li yo al kraze penitansye nasyonal. Se nan Eta Massachusetts yo fouke towo sa a, selon otorite amerikèn yo. Wilbert te nan prizon an Ayiti pou asasina ak lòt krim ankò e Lapolis t ap chache l.
Pou kounye a, li dèyè kat miray Kay Tonton Sam annatandan yo depòte l.