Konpayi ayeryèn Aruba Airlines anonse li pral kòmanse fè vwayaj Pòtoprens/Miami apati 28 mas 2025 k ap pwoche la a. Konpayi a ap fè trajè sòti ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti pou rive Miami pandan konpayi ayeryèn amerikèn yo gen entèdiksyon pou vini Pòtoprens. Aruba Airlines fè konnen y ap ofri kliyan yo yon mwayen ki pi fyab, pratik ak efikas pou yo ka vwayaje.
Anpil moun deja kontan nouvèl sa a pandan gen anpil rezèvasyon ki kòmanse fèt tou.