30 fizi, 6 pistolè Glock ak yon pistolè Smith & Wesson, se kantite zam ofisye ladwàn kay vwazen sezi nan pò Haina nan kòmansman semèn nsn. Zam sa yo te kache nan yon rezèvwa konpresè anndan yon konntenè ki sòti Brooklyn selon otorite yo. Se gras ak yon eskanè reyon X ki pèmèt yo poze lapat sou zam sila yo kote yo te sere yo a. Èske se Ayiti zam sa yo t ap vini tankou jan sa toujou fèt? nou poko konnen.
N ap raple Repiblik Dominikèn se prensipal kote kontrebann zam nan fèt pi fasil pou vini Ayiti.