Ajan BLTS mare kou krab enspektè Cald Philippe nan ayewopò entènasyonal Kap Ayisyen an ayè dimanch 23 fevriye 2025 lan. Lapolis te resevwa plent pou pèsonaj 64 lane sa a nan men yon dam ki t ap vwayaje pou ale Providanciales. Aprè verifikasyon, fòs lòd yo jwenn viza dam ki pote plent la se yon fo viza. Ajan BLTS yo kenbe Cald Philippe men nan sak k ap ranmanse lajan e rezo sa a bay fo viza tou selon enfòmasyon yo.
Cald Philippe se yon prent nan bout glas la. Lapolis dwe fouye fon pou l jwenn tèt rezo sa a k ap kase kou kliyan nan vil Okap la.