Leta pèpè pa pran okenn dispozisyon pou pwoteje popilasyon an malgre gwo mago lajan yo dispoze pou entèlijans. Li klè se Leta ki dèyè aksyon sa yo nan peyi a. Yo pa bay FAd’H la lajan ak materyèl pandan gen bidjè pou sa nan ministè defans. CSPN nan plis vle lapolis fè entèvansyon olye operasyon, nan dènye atak kriminèl yo fè nan komin Kenskòf la, tout aparèy Leta a te okouran.
Pa menm yon nòt diferan enkapab sa yo pa soti pou denonse zak teworis yo ki lage yon bebe 2 mwa nan dife e aprè manman l mouri. Tout moun konprann.