Gen gwo tansyon nan Montwi depi ayè mèkredi 12 fevriye 2025 lan aprè kriminèl yo fin atake vil sa a. Bilan pasyèl la se yon polisye UDMO ki sòti nan 33e pwomosyon PNH la ki pèdi lavi l, gen 3 lòt ki blese pandan gen pou pi piti 2 manm popilasyon sivil la ki mouri tou. Polisye ki asasine a rele Fils Emmanuel Thomas. Gen yon chèf gang ki rele “Ti Jeral” ki al jwenn bawon tou.
Ti Jeral sa a konn opere nan zòn Jalouzi, Kola, Twousab ak Delije, selon enfòmasyon moun nan zòn nan bay.