Yon rafal kout bal pete nan divès kwen nan Petyonvil depi vè 2zè nan maten dimanch 9 fevriye 2025 sa a. Sòlda Vitelòm yo t ap tante anvayi Metivye ak Gwojan men polisye yo ak brigadye yo te sou men yo, yo blayi plizyè bandi atè. Meyòt, Dyèg, Boukan Lapli, Jirado, Doko, Metivye, Fòjak elatriye te kanpe sou brenzeng yo pou mete vagabon yo nan vrè plas yo.
Tantativ atak sa a fèt mwens pase yon jou aprè fineray chèf brigad Fòjak la, Robinson Dérosier (Roro).