Yon tranbleman tè 7.6 sou echèl Richtè a frape lanmè Karayib la nan fen jounen samdi 8 fevriye 2025 lan vè 7è 23. Gougou goudou sa a lakoz gen menas sounami sou plizyè peyi a nan rejyon an tankou Ayiti, Kiba, Meksik, Jamayik ak Kostarika. Alèt sounami sa a konsène kèk peyi tankou Zile Kayiman, Ondiras, Bahamas, Beliz, Panama, Nikaragwa ak Gwatemala.
Okenn presizyon poko pote sou rezon ki fè gwo tranbleman sa a frape lanmè Karayib la.