Anbasad Kanada ak UNOPS te gen pou bay lapolis 59 machin tou tèren mak Toyota Land Cruiser, yo ba li 42 ayè jedi 6 fevriye 2025 lan. Nan menm moman an, Ofis Nasyon Zini kont Dwòg ak Krim fè PNH la kado 31 veyikil, pami yo 12 pikòp mak Toyota Land Cruiser ak plizyè motosiklèt. 42 machin Kanada ak UNOPS yo pral ranfòse kapasite operasyonèl PNH la ak sèvis penitansyè yo epi pa ONUDIC yo pou POLIFRONT.
Se an prezans plizyè manm kò diplomatik la ak DG Normil Rameau seremoni pou remèt materyèl sa yo te dewoule.