Lapolis ap deplwaye anpil efò pou repouse bandi yo nan komin Kenskòf kote anpil malfra gentan tonbe anba bal lapolis. Selon plizyè abitan nan zòn Belo ak Gode, gen kay ki boule, gen moun ki blese e majorite moun gentan kite kay yo. Lapolis ak bandi yo ap twoke kòn yo e sa gen gwo enpak sou aktivite lekòl ak biznis nan komin sa a.
Nou dwe sonje depi semèn pase, bandi yo te anonse y ap anvayi Kenskòf.