Gustavo Petro, Prezidan Kolonbyen an bay lòd pou bloke 2 avyon Ameriken ki t ap transpòte migran vin depoze nan peyi l jounen dimanch 26 janvye 2025 lan. Donald Trump move kont desizyon sa a e li tou anonse sanksyon kont tout ofisyèl kolonbyen, li koupe viza yo epi l mete 25% taks sou tout pwodui k ap sòti Kolonbi pou antre Etazini. Prezidan kolonbyen an deja mete yon avyon disponib pou l ka pèmèt migran li yo antre nan diyite.
Prezidan Petro di gen 15 660 ameriken ki ilegal nan peyi Kolonbi, li di se pou yo antre an kontak rapid a sèvis imigrasyon li a pou yo ka legalize tèt yo.