Tankou jan li te anonse l, Donald Trump deja kòmanse bouskile migran ki san papye yo. Imigrasyon itilize avyon militè pou yo kapab depòte migran ilegal ki sou tèritwa yo a e plizyè dizèn deja rive nan peyi yo, selon CNN. Pandan dènye 24è yo la a, deja gen plizyè santèn arestasyon ki fèt e moun sa yo gen ladan yo ki te komèt krim. Daprè FoxNews, moun sa yo ki pran avyon an nan baz militè Biggs nan Bliss, El Paso, nan Eta Texas, y ap depòte yo nan peyi Guatemala.
Se te yon pwomès kanpay Trump te fè e l te retounen sou sa lè l t ap prete sèman 20 janvye pase a.