“M ap prezante eskiz mwen, paske gen Kolonbyen blan ki te vini la a, pou touye Prezidan Ayiti a. Nan non pèp Kolonbyen an, map di nou, nou pa kwè nan koze lanmò sa Kolonbyen ki arete yo te vin pwopaje. Nou kwè nan lavi. E Kolonbi se kè lavi mond lan”, se sa Gustavo Petro deklare ayè pandan vizit li nan Jakmèl.
Prezidan kolonbyen an te debake nan peyi a ak anpil lòt manm gouvènman li an avèk li.