Anpil kay boule sou Pis ak Pòs Machan jounen ayè dimanch 15 desanm 2024 la. Malfra yo ki te san pitye menm rive kole dife nan “Eglise de Dieu” ki nan Pòs Machan. Reprezay sa yo fèt aprè nouvèl lanmò bra dwat Babekyou a ki se Kenken. Se anpil dega ki fèt Pòtoprens jodi a kote menm Lise Mari Jàn kote moun ki kouri kite kay yo ap viv te viktim tou. Anpil moun blese ak bal.
Anplis de kay sitwayen yo ak biznis yo, bandi viv ansanm yo sible lekòl ak legliz kounye a.