Yon lòt defèt pou Real nan Liga a men fwa sa a se devan Athletic Bilbao. Match sa a ki fini 2 gòl a 1 pou klèb Bilbao a, entènasyonal fransè a rate yon penal ladan l pandan li te gen chans fè lòt gòl tou men li rate yo. Aprè defèt sa a, fanatik Real yo sakaje rezo sosyal yo pou yon lòt fwa kote anpil ladan yo di Mbappé poko ka pran responsablite l nan ekip sa a.
Sou kont Instagram li, Kylian Mbappé di li konsyan li jwe yon move match jodi a e li dakò defèt Real la sòti sou li.