Administrasyon Biden nan pimpe 70 migran ayisyen tounen Ayiti. Se nan Ayewopò Okap la avyon an depoze yo jounen mèkredi 4 desanm 2024 la. Migran sa yo te nan sitiyasyon iregilyè nan peyi meriken e yo pat ka sipòte yo kidonk imigrasyon amerikèn depòte yo. Dènye jou sa yo, Etazini depòte anpil ayisyen.
Sitiyasyon sa a lage gwo kè kase nan mitan otorite yo Okap paske yo wè sa fèt anpil dènye tan sa yo.