Lafleur Marie Emmanuella ki fèt nan lane 1991 pèdi lavi l britalman nan ang ri Kamo ak ri Kapwa nan Pòtoprens samdi 30 novanm 2024 la. Ensidan sa a pase pandan bis la t ap sòti Kafou pou antre Pòtoprens. Viktim nan pran yon bal nan do, li mouri andedan bis la sou ban kote l te chita a. Se gang Gran Ravin nan ki akize nan atak sa a.
Krim yo pa kanpe nan peyi a. Bandi k ap fè lalwa yo pa vle kite okenn moun deplase sòti la a pou rive la a.