SWAT ak UTAG fè yon pote boure nan komin Gresye vendredi 29 novanm 2024 la e yo blayi anpil bandi antè. Pami zèfèyis ki al jwenn bawon yo gen Ti Blan ak Ti Miguel. Gen yon lòt ki rele Ti John y ap chache yo poko ka jwenn li. Pandan operasyon sa a, gen anpil lòt move je ki fè vwèl pou peyi san chapo nan menm jounen an. Gen anpil nan bandi sa yo se chen k ap manje rès yo nan lari.
Operasyon sa a polisye yo fè a se pou kontrekare move je ki kontinye ap chache enpoze lwa pa yo nan komin Gresye.