Lionel Lazarre fè yon deklarasyon chòk sou yon medya nan kapital la kote li di se moun Solino ki vle kouri paske Lapolis prezan nan zòn nan. Aprè deklarasyon sa a, plim sou do popilasyon an leve e tout moun ap mande èske Lionel Lazarre ap viv Ayiti oubyen li sou yon lòt planèt. Lapolis te okouran de tout sa k ap pase la yo, yo pat janm fè anyen pou evite sa pi grav.
Wo grade PNH la kontinye souzestime mizè pèp ayisyen jis pou yo fè gwoup pa yo plezi.