Etazini anonse y ap peye biyè avyon pou chak migran san papye ki deside depòte pwòp tèt yo epi y ap ba yo 1000 dola. Daprè responsab DHS la, Noem Kristi, mezi sa a pral pèmèt yo ekonomize 70% nan kòb yo ta dwe depanse pou depòte yon sèl migran. Selon chèf DHS la, se plis pase 17 mil dola yo depanse pou arete yon migran ilegal, mete l nan prizon epi depòte l.
Madam Kristi deklare si migran an deside depòte pwòp tèt li, sa ap koute yo anviwon 4 500 dola sèlman.