Nan yon nòt yo rann piblik sou sit Anbasad amerikèn pandan jounen mèkredi sa a, otorite yo fè konnen, Dimitri Vorbe ap mennen yon kanpay vyolans nan peyi d Ayiti epi l ap soutni gang k ap kraze peyi a. Mete sou sa, otorite di prezans misye sou tèritwa ameriken kapab gen gwo konsekans sou politik etranjè Etazini.
Patwon Sogener la fèmen yon kote annatandan lajistis amerikèn deside sou sò li.




















