Yon dwon kamikaz tonbe sou yon kamyonèt nan Pòtoprens nan fen jounen samdi kite 6 septanm 2025 lan. Gen plizyè moun ki blese gravman grav pandan gen lòt ki mouri. Nan menm moman an, gen lòt ki blese ak bal tou. Imaj moun sa yo a sikile sou rezo a e yo vrèman difisil pou gade. Inosan pa sispann mouri pou granmesi nan peyi sa a.
Èske se machin nan ki te sible oubyen se yon erè? Pèsonn pa konnen.




















