Sterline Civil di se pase li pa bay kòripsyon plas nan FNE ki fè KPT a mete l deyò nan bwat la. Li voye yon lèt bay Lakou Dèkont pou l ka eksprime dezakò li ak revokasyon an li di ki ilegal paske l te gen yon manda 3 lane, li fè sèlman 7 mwa. Sterline Civil menm pran pozisyon sou tout platfòm rezo sosyal pou l denonse aksyon KPT a li twouve ki pa fè sans ditou. Li twouve yo manke l dega ak mezi sa a.
N ap raple nan fen jounen vandredi sa a, yo deja enstale Colagène nan tèt FNE, men Sterline pat mete pye nan seremoni an.




















