Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) Repiblik Dominikèn anonse li te depòte 2 306 moun ann Ayiti nan dat 26 ak 27 dawout 2026, nan kad yon gwo operasyon kont moun ki nan sitiyasyon migratwa iregilye. Daprè DGM, operasyon an te dewoule nan Santo Domingo ansanm ak plizyè pwovens tankou ElĂas Piña, DajabĂłn, Independencia ak Pedernales. An total, otorite yo di yo te entèsepte 2 624 etranje pandan 2 jou operasyon an.
DGM presize pami moun yo te arete yo te gen 1 663 sitwayen ayisyen ki pa t gen dokiman migratwa regilye.













