Aprè Reginald Boulos, se tou pa Dimitri Vorbe, òm dafè ayisyen ki anba kòd nan peyi Etazini jounen madi 23 septanm 2025 lan. Se lakay li nan Miami yo antre pran l. Poko gen detay sou rezon ki fè yo arete l men n ap raple te deja gen ankèt ki t ap mennen sou misye.
Pou kounye a, Dimitri gade avi nan yon sant detansyon Ozetazini.




















